Prezidan Belarisyen Alexander Lukashenko deklare Dimanch 26 janvye a ke li pa "regrèt" deske te pèmèt fLarisi sèvi ak teritwa Belarisyen pou yo anvayi Ikrèn nan mwa fevriye 2022.
BOGOTA, Kolonbi (AP) — Mezon Blanch kriye viktwa apre Kolonbi dakò pou l aksepte vòl imigran ke Ice depòte antre Kolonbi, akò sa vini kèk èdtan apre Prezidan Donald Trump te menase yo ak tarif sou tout pwodwi enpòte ak enpoze lòt sanksyon sou yo.
Odyans 17 kolonbyen yo ki ta Swadizan enplike nan asasinay ansyen prezidan Jovenel la, rapouswiv jodi lendi 27 janvye 2025 nan pakè Pòtoprens.
Yon manm KPT a, Fritz Alphonse Jean retounen Ayiti aprè yon vizit Washington kote li te patisipe nan somè ACP epi diskite ak BID ak Bank Mondyal.
Sekretè Deta Ameriken an anonse dimanch ke Washington sispann remèt viza nan anbasad li nan Kolonbi, kom repons ak desizyon Bogota te pran pou l te anpeche avyon militè ameriken ki te transpote imigran Etazini ateri nan peyil .
Responsab Prezidan Donald Trump nomenm kom "Chèf Fwontyè a" deklare Dimanch ke priyorite admnistrasyon an pou kounyea se voye tounen migran ilegal yo konsidere kom menas pou sekirite Etazini. Men misye souliyen Etazini pap tolere imigrasyon ilegal an jeneral. Sandra Lemaire gen detay.
SAO PAULO, 27 janvye (Reuters) - Prezidan brezilyen an, Luiz Inacio “Lula” da Silva, te pale nan telefòn ak tokay ris li a Vladimir Putin lendi, pou diskite sou "sijè mondyal ak bilateral", dapre sa biwo Lula a te di nan yon deklarasyon.
Prezidan Claudia Sheinbaum di lendi 27 janvye a, pami migran meksiken Etazini te voye tounen Meksik, gen migran lòt nasyonalite tou.
Pap François akeyi prezidan Konsèy prezidansyèl tranzisyon Ayiti a, Leslie Voltaire, samdi 25 janvye 2025 la nan Vatikan.
Prezidan Konsèy prezidansyèl tranzisyon (KPT) an, Leslie Voltaire, jistifye rankont li ak Pap François, samdi 25 janvye 2025 la, nan Vatikan. Nimewo 1 KPT a di: « M ap frape pòt moun ki renmen Ayiti. Pap la renmen Ayiti. Li pa ka tann pou l ede ».
Kòdonatè jeneral pati politik UNIR la, Clarens Renois, mande Konsèy prezidansyèl tranzisyon an kouri al chita ak gouvènman ameriken an pa rapò ak vag ekspilsyon li di ki pandye sou tèt konpatriyòt ayisyen ki te vwayaje legalman Ozetazini nan kad pwogràm Biden (Program Humanitarian Parole) nan.
Ministè Sante peyi Liban fè konnen kout zam lame izrayelyen an touye yon moun epi blese sèt lòt lendi nan sid peyi a, yon jou apre yo te pwolonje trèv nan lagè ant Izrayèl ak Hezbollah a.
Load more