ARLINGTON, Va. (AP, AFP) — Yon avyon komèsyal American Airlines ki t ap transpòte 60 pasaje ak 4 manm ekipaj fè kolizyon ak yon elikoptè militè ameriken pandan l tap ateri nan Ayewopò Nasyonal Ronald Reagan toupre Washington.
Inite kap Lite kont Kòripsyon (ULCC) ansanm ak Ofis Nasyon Zini kont Dwòg ak Krim (ONUDC) kòmanse ak yon atelye sou teknik ankèt antikòripsyon ak finansye, nan vil Okap, pou moun k ap travay nan sistèm jidisyè a.
Desizyon administrasyon Trump la pran pou kanpe asistans etranje ki te dispoze pou peyi toupatou nan mond lan kreye gwo ke sote nan peyi etranje.
Dekrè Prezidan Donald Trump siyen pou mete fen nan dwa moun genyen pou yo sitwayen ameriken depi yo fèt Ozetazini kòmanse yon deba legal e politik sou pouvwa egzekitif la fas ak 14yèm Amandman Konstitisyon an, ki garanti dwa sitwayènte pou nenpòt moun ki fèt sou tè ameriken.
Leslie Voltaire, prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon Ayiti eksprime gwo kè sote li genyen pa rapo ak nouvo politik administrasyon Donald Trump anonse pou l ekspilse tout migran ilegal kap viv nan peyi Etazini.
Desizyon nouvo administrasyon Donald Trump lan pou jele finansman ki gen pou wè ak pwogram èd etranjè, bay enkyetid pou Ayisyen k ap viv ak jèm SIDA a nan san yo.
Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) an, Leslie Voltaire, rankontre prezidan fransè a Emmanuel Macron jodi mèkredi 29 janvye 2025 lan.
WASHINGTON, 28 Janv. (Reuters) — Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, di prezidan Rwanda a, Paul Kagame, madi Washington "twouble anpil" akoz ogmantasyon konfli nan Repiblik Demokratik Kongo, sitou apre rebèl M23 ki gen sipò Rwanda pran vil Goma.
WASHINGTON (AP) — Minis Defans Pete Hegseth wetire ajan ki tap bay jeneral Mark Milley pwoteksyon ansanm ak otorizasyon sekirite li. Milley se ansyen Chef Deta Majò jeneral Fòs ame amerikèn yo.
Madi, yon tribinal federal ameriken te blokle tanporèman desizyon administrasyon Trump la te pran pou jele plizyè milya dola èd gouvènman an bay.
Load more