Prezidan KPT a, Leslie Voltaire, rankontre manm kominote Ayisyen vil Paris a nan kad vizit lap fe nan peyi La Frans pou rankontre responsab gouvenman an.
Gwoup nèg ak zam te debake ak gwo zam fannfwa nan lendi maten, kraze brize, boule kay epi touye pou pi piti 40 abitan nan komin nan.
Lame izrayelyèn nan anonse jedi sèt otaj ki te libere nan mitan jounen an sou fwontyè Gaza, pami yo senk sitwayen Tayland, rive ann Izrayèl kote sòlda li yo ap pran swen yo, dapre yon kominike.
KYÈV, IKRÈN (AP) — Otorite yo di yon dwòn ris pèse yon twou nan yon building apatman nan nòdwès Ikrèn pandan yon atak lannuit, omwen kat moun mouri e nèf lòt blese.
Minis defans Syèd la di jedi 30 janvye a peyi nòdik la te dakò pou bay Ikrèn pi gwo pake èd li ke yo evalye a 13,5 milya dola syedwa ($ 1,23 milya dola ameriken).
Prezidan Ikrèn nan, Volodimir Zelensky, voye kondoleyans li bay Lèzetazini e li fè lwanj pou ekip sekou yo, ki te deplwaye imedyatman apre kolizyon "chokan" yon avyon pasaje ameriken ak yon elikoptè nan Washington.
Prezidan Kiben an, Miguel Diaz-Canel, dekri mèkredi kòm "yon zak britalite" plan prezidan ameriken an genyen pou kenbe imigran san papye ki te sou tèritwa ameriken an nan prizon militè Guantanamo Bay a, nan peyi Kiba.
Donald Trump anonse mèkredi 30 janvye a li ap prepare pou voye imigran san papye nan baz Etazini genyen Guantanamo a.
ARLINGTON, Va. (AP, AFP) — Yon avyon komèsyal American Airlines ki t ap transpòte 60 pasaje ak 4 manm ekipaj fè kolizyon ak yon elikoptè militè ameriken pandan l tap ateri nan Ayewopò Nasyonal Ronald Reagan toupre Washington.
Inite kap Lite kont Kòripsyon (ULCC) ansanm ak Ofis Nasyon Zini kont Dwòg ak Krim (ONUDC) kòmanse ak yon atelye sou teknik ankèt antikòripsyon ak finansye, nan vil Okap, pou moun k ap travay nan sistèm jidisyè a.
Load more