Prezidan Konsey Prezidansyèl Tranzisyon an, enjenyè Lesly Voltaire, retounen, nan peyi a vendredi 31 janvye 2025 lan, nan Ayewopò Entènasyonal Okap la apre yon toune li te fè an Ewòp.
3 jounalis avèk polisye Jean Masner Coulange, ki te gravman blese pandan atak nan Lopital Jeneral lan nan dat 24 desanm 2024 la, kite peyi a jedi 30 janvye 2025 pou al pran swen Kiba.
Panik nan kominote imigran yo nan Chicago nan moman plizyè ajans gouvènman ameriken an ap travay ansanm pou deniche imigran ilegal yo pou mete yo deyò Ozetazini,
Apre yo fin pran vil Goma nan lès RDC, gwoup ame anti-gouvènmantal M23 ansanm ak lame rwandèz la ap avanse nan pwochen pwovens lan pou rive nan vil Bukavu, kote volontè yo te kòmanse enskri depi vandredi pou konbat ak lame kongolè a ki an difikilte.
Direksyon Santral Polis Jidisyè mete anba kòd, ayè jedi a, direktè Kès Asistans Sosyal la (CAS an fransè), Elionor Devallon.
Load more