Enflasyon Etazini ogmante nan mwa janvye a, tankou pri manje, gazolin ak lojman, pandan lòt pri pwodwi yo, kontinye ap ogmante tou. VOA te pale ak kèk ekonomis sou kòman administrasyon Trump la ka fè pou bese pri yo
Yon Envwaye Etazini Pou Risi ak Ikrèn Rankontre Nan Vil Kyèv prezidan Volodymyr Zelenskyy nan moman prezidan Trump nan bouch louvri ak lidè Ikrenyen an sou orijin gè a.
Prezidan fransè Emmanuel Macron di li pral di tokay Ameriken li Donald Trump ke li "pa ka parèt fèb" an fas Vladimir Putin e ke "enterè estratejik li se menm ak nou."
Sekrete de pres Lamezonblanch la detaye sa Prezidan Donald Trump rive akonpli pandan premye mwa li sou pouvwa a.
WASHINGTON, 20 fevriye (Reuters) - Konseye Sekirite Nasyonal Ameriken Mike Waltz di jedi 20 fevriye a ke tout manm Òganizasyon Trete Nò Atlantik yo dwe depanse 2% yo a nan defans avan pwochen somè Òganizasyon Trete Nò Atlantik la, ki fikse pou mwa jen.
Jedi 20 Fevriye a Sena Ameriken an ki kontwole pa on majorite Repibliken te konfime Kash Patel, yon alye Prezidan Donald Trump, kòm direktè FBI, pi gwo ajans ki fè respekte lalwa nan peyi Etazini.
KHAN YOUNIS, Bann Gaza (AP) — Hamas remèt kò kat otaj Izrayelyen, pami yo yon manman ak de pitit li yo ki te gen lontan depi yo te konsidere yo mouri epi ki te vin tounen yon senbòl soufrans nasyon an apre atak 7 oktòb 2023 la.
Ministè Jistis gouvènman Trump lan te eseye Mèkredi konvenk yon jij pou li fèmen dosye koripsyon ki vize majistra New York la, Eric Adams, apre li te fè fas ak rezistans pwokirè yo pandan yon semenn epi sa te lakòz yon kriz politik ak jidisyè.
Prezidan ameriken Donald Trump siyen yon dekrè pou idantifye epi koupe fon federal ki itilize pou migran san papye, daprè sa Mezon Blanch deklare.
« Bureau des affaires internationales de stupéfiants et d’application de la loi (INL)», ki se yon branch nan Depatmandeta, anonse yo fè Misyon miltinasyonal k apiye sekirite a (MMAS) kado 20 blennde. INL te pataje enfòmasyon sa sou kont X li @StateINL mèkredi 19 fevriye 2025 lan.
Load more