Prezidan Donald Trump menase pou l enpoze yon tarif 25% sou machin peyi etranje voye vann Etazini.
Lapolis Nasyonal Ayiti kontinye ap mennen operasyon nan Kenskòf nan lide pou dechouke gwoup gang yo ki esntale yo nan kèk lokalite pou simen latwoublay nan mitan popilasyon an.
An repons ak anpil kritik sou rezo sosyal yo konsènan ayewopò entenasyonal Kap-Ayisyen an, responsab yo òganize yon reyinyon dijans pou diskite sou solisyon posib yo
Plizyè dizèn militan òganizasyon sosyo-politik lanse yon mouvman pwotestasyon pou mande lapolis anile avi rechèch li lanse kont ansyen Senatè Nenel Cassy
Administrasyon Trump la bat bravo pou chita pale ant Etazini ak Larisi ki dewoule ann Arabi Sawoud sou Gè Ikrèn nan, san patisipasyon Kyèv. Mezon Blanch di pis paralèl diplomasi sa a se premye etap pou mete fen nan gè sa a ki egziste depi 3zan ann Ewòp
Chèf diplomasi Larisi a, Sergueï Lavrov, eksprime satisfaksyon li mèkredi pou kritik prezidan ameriken an fè kont tokay li nan Ikrèn, apre Donald Trump te repete langaj Kremlen an pou rann Volodymyr Zelensky responsab pou konfli a nan Ikrèn.
PANAMA CITY (AP) — Panama kenbe nan yon otèl prèske 300 moun Etazini depòte e ki soti nan divès peyi, san yo pa pèmèt yo sòti pandan y ap tann otorite entènasyonal òganize retou yo nan peyi orijin yo. Otorite yo di plis pase 40% nan migran yo pa vle retounen volontèman nan peyi yo.
LOS ANGELES, 18 FEV. (Reuters) — Yon jiri nan Los Angeles te deklare rapè A$AP Rocky inosan Madi sou de akizasyon kriminèl pou atak ak zam semi-otomatik nan yon diskisyon ak yon lòt atis hip-hop nan Hollywood an 2021.
Prezidan Donald Trump siyen yon dekrè ki vize ede moun ki vle agrandi fanmi yo atravè fekomdasyon in vitro (FIV) nan diminye kou depans pou pwosesis la.
Load more