Depi yè lendi 10 mas la, Oganizasyon Eta Ameriken-an genyen yon nouvo Sekretè Jeneral.
Kolera toujou la : nan apeprè yon mwa, anviwon 150 moun trape viris kolera an Ayiti, selon sa òganizasyon imanitè Medsen San Fwontyè (MSF) rapòte.
JEDDAH, Arabi Saoudit (AP) — Chita pale enpòtan ant gwo delegasyon Ikrèn ak Etazini sou fason pou yo mete fen nan twa zan lagè Kyèv ak Moskou a te kòmanse nan Arabi Saoudit.
Madi 11 mas 2025 la prezidan ameriken an, Donald Trump, lanse nouvo menas komèsyal kont Kanada, li anonse li ta double tarif yo sou asye ak aliminyòm kanadyen a 50%, alòske yon tarif 25% ta sipoze antre an vigè mèkredi 12 mas la.
Peyi Kanada ap pare pou akeyi yon nouvo lidèchip apre eleksyon Mack Caney nan tèt Pati Liberal-la.
Yon negosyatè sou kesyon otaj nan administrasyon Trump lan di dènye reyinyon li te genyen ak reprezantan gwoup Hamas la, yon gwoup Etazini klase kòm gwoup teworis, te "itil." Diskisyon yo te konsantre sou liberasyon yon otaj Ameriken-Izraelyen Hamas kenbe.
Prezidan ameriken an, Donald Trump, deklare dimanch yon fèmti gouvènman an "ta ka rive" si Chanm Depite a pa ka rasanble ase vwa pou pase yon lwa finans tanporè, men li rete optimis mezi a ap apwouve.
Ikrèn vle lapè, epi Larisi se "sèl rezon ki fè lagè a kontinye," dapre sa prezidan ikrenyen an, Volodymyr Zelensky, deklare lendi, yon jou anvan kèk negosyasyon ki ka gen anpil enpòtans nan Arabi Saoudit.
Sekretè Deta Ameriken an Marco Rubio sou kont X li deklare 83% nan pwogram ajans devlopman USAID yo, ki vo yon gwo pati nan èd imanitè mondyal la, pral elimine.
Yon delegasyon ayisyen ki gen nan tèt li konseye- prezidan Frinel Joseph kite peyi a, yè dimanch la, pou ale nan peyi Pewou ak Meksik. Objektif vwayaj sila a se pou "ranfòse travay sou referendum nan epi soutni òganizasyon eleksyon yo ann Ayiti".
Premye minis Ontaryo a, ki se lidè pwovens Kanada ki gen pi gwo popilasyon an ap chaje 25% plis lajan pou elektrisite Kanada ekspote bay 1,5 milyon Ameriken pou reponn plan tarif Prezidan Donald Trump la.
Load more