Rubio ekri sou X poul di "Aprè yon revizyon 6 semèn, nou deside elimine 83% nan pwogram USAID yo," pandan li ajoute "plizyè milya dola" te depanse san nesesite, san l pa bay yon chif presi.
Pwogram USAID(Ajans Amerikèn pou Devlopman entènasyonal-la reprezante yon gwo pati nan èd imanitè mondyal la.
Depatman Deta ki kwafe USAID, te anonse nan dat 26 fevriye pase a ke li vize kanpe finansman 92% pwogram ajans -la pou yo ka ekonomize 54 milya dola .
Prezidan Donald Trump te siyen yon dekrè depi l tounen nan Lamezon Blanch 20 janvye 2025-la , ki mande pou jele asistans etranjè ameriken pou 90 jou pou yon re-evalyasyon pou wè si pwogram sa-yo ale nan sans Etazini Dabò a (America First).
Desizyon sa pwovoke yon gwo chòk nan sektè imanitè-a e nan USAID.