Nan 2 semèn, plis pase 24 mil moun kouri kite lakay yo akoz atak gwoup nèg ak zam yo sou plizyè katye nan kapital la, Pòtoprens, selon yon dènye bilan òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM).
Ladwann nan Repiblik Dominikèn, anonse yo sezi yon kagezon zam ak katouch ki t ap pran direksyon Ayiti.
Tarif Prezidan Donald Trump te menase depi lontan pou l enpoze kont Kanada ak Meksik antre ann aplikasyon epi deklanche yon gè komèsyal ak peyi vwazen Etazini yo. Apati minui Madi, pwodui ki soti Kanada ak Meksik te gen yon taks 25% sou yo.
Jwenn garanti sekirite ameriken gen "yon enpòtans egzistansyèl" pou Kyèv, men tou pou Inyon Ewopeyèn nan, se sa Premye minis ikrenyen an, Denys Shmyhal, te fè konnen madi, pandan Mezon Blanch te anonse sispansyon èd militè li bay Ikrèn.
Prezidan Ameriken an ap pare pou l prezante devan 2 chanm Kongrè a reyini yon diskou sou Eta Peyi-a.
Fòs lòd yo lanse yon seri operasyon kont gang ame nan Pòtoprens. Samdi 1ye ak dimanch 2 mas la, lapolis frape bastyon Jimmy Chérizier “Barbecue” ak “Izo”, de chèf gang kap simen laterè nan kapital la.
Trump di tarif 25% li pwopoze pou mete sou machandiz kap soti Meksik ak Kanada yo pral antre an vigè demen 4 mas la, ansanm ak yon lòt tarif 10% sou enpòtasyon chinwa yo.
Senatè Demokrat Richard Blumenthal mande Sekretè d Eta Ameriken Marco Rubio Lendi pou l reponn kestyon sou yon plan pou depanse $400 milyon pou achte vèsyon blende kamyon sibè Tesla TSLA.O yo pou transpote diplomat Ameriken.
Valè lajan Crypto ogmante apre anons sipriz Prezidan Donald Trump fè pou di li vle pou gouvènman Ameriken an achte epi kenbe yon varytete byen nimerik nan yon fon rezèv estratejik.
Premyè Dam Etazini Melania Trump ap patisipe nan yon odisyon Kongrè a ap fè Lendi sou yon pwojè lwa ki gen rapò ak porno de vajans.
Load more