Ranfòse souvrènte ak pini enjerans: Meksik adopte yon nouvo refòm nan Konstitisyon li madi an repons a desizyon Prezidan Ameriken Donald Trump pou mete sis katèl meksiken sou yon lis òganizasyon "teworis".
VOA 60: Chanm Depite a Vote yon Lwa pou Anpeche Fèmti Gouènman
BRISÈL (AP) — Inyon Ewopeyèn te anonse pwòp mezi li yo, li di yo pral antre an fòs apati premye avril, apre administrasyon Trump lan ofisyèlman ogmante tarif sou tout enpòtasyon asye ak aliminyòm pou rive nan 25%.
Otorite kanadyen yo fè konnen yo pral enpoze nouvo tarif sou sèten pwodwi ameriken apati jedi 13 mas la, an repons ak tarif sou asye ak aliminyòm " administrasyon Trump la mete sou Kanada.
Tarif 25% Donald Trump te mete sou asye ak aliminyòm te antre ann anplikasyon mèkredi a 00:01 (04:01 GMT), sa ki make yon nouvo etap nan lagè komèsyal la ant Etazini ak prensipal patnè komèsyal li yo.
Apre deklarasyon prezidan ameriken an Donald Trump pou “Kanada vin yon 51nyèm Eta”, sekrètè deta ameriken an Marco Rubio, ki ap asiste reyinyon G7 yo nan Kebèk, Kanada, di yo pa pral debat sijè sila a nan reyinyon an.
Mezon Blanch te tounen yon konsesyonè Tesla tanporè madi, sou inisyativ Donald Trump, ki te montre piblikman sipò li pou alye li Elon Musk, patwon konpayi an. "Yo pa ka pini l poutèt li se yon patriyòt."
Depatman Edikasyon planifye pou l revoke plis pase 1,300 anplwaye nan kad yon efò pou redwi kantite anplwaye ministè a rive nan mwatye, yon avangou nan plan Prezidan Donald Trump pou demantle depatman sa a.
Depi yè lendi 10 mas la, Oganizasyon Eta Ameriken-an genyen yon nouvo Sekretè Jeneral.
Kolera toujou la : nan apeprè yon mwa, anviwon 150 moun trape viris kolera an Ayiti, selon sa òganizasyon imanitè Medsen San Fwontyè (MSF) rapòte.
JEDDAH, Arabi Saoudit (AP) — Chita pale enpòtan ant gwo delegasyon Ikrèn ak Etazini sou fason pou yo mete fen nan twa zan lagè Kyèv ak Moskou a te kòmanse nan Arabi Saoudit.
Madi 11 mas 2025 la prezidan ameriken an, Donald Trump, lanse nouvo menas komèsyal kont Kanada, li anonse li ta double tarif yo sou asye ak aliminyòm kanadyen a 50%, alòske yon tarif 25% ta sipoze antre an vigè mèkredi 12 mas la.
Load more