Accessibility links

Breaking News

Trump Fè Pwomosyon Tesla nan Mezon Blanch


Trump
Trump

Mezon Blanch te tounen yon konsesyonè Tesla tanporè madi, sou inisyativ Donald Trump, ki te montre piblikman sipò li pou alye li Elon Musk, patwon konpayi an. "Yo pa ka pini l poutèt li se yon patriyòt."

Deklarasyon prezidan ameriken an pandan li te kanpe ak milyadè a ak pitit gason li, devan senk machin mak Tesla, ak pami yo yon "Cybertruck" ki fasil pou rekonèt akòz aparans fitiris li.

Prezidan repibliken 78 lane a di, "Map achte youn" paske se "yon bon pwodwi" epi paske yo trete Elon Musk "yon fason ki pa jis ditou." Li pale konsa nan yon moman kote aksyon Tesla ap soufri sou mache labous la epi lavant konpayi an an bès.

Antreprenè a, ki ap kontinye atake biwokrasi federal la epi boulvèse Washington, te monte nan machin Trump te chwazi a, yon Tesla wouj Modèl S.

Pa gen rabè
Donald Trump, ki te di l ap peye ak chèk, te tou presize li "pa gen otorizasyon pou l kondwi paske li pa pran volan depi lontan," epi li ajoute machin nan pral disponib pou anplwaye li yo nan Mezon Blanch.

Li te deklare tou, sou yon ton blag, li pap mande rabè nan men moun ki pi gwo donatè kanpay li a.

Men, sou yon ton pi serye, li te avèti moun ki ta vandalize machin Tesla yo : "N ap bare nou, epi n ap sere boulon nou."

Elon Musk, bò kote pa l, te deklare, "kòm yon siy konfyans nan peyi Etazini, Tesla (pral) double pwodiksyon machin li nan peyi a nan dezan k ap vini yo."


XS
SM
MD
LG