Yè Jedi a, Prezidan Donald Trump ogmante menas li sou Hamas ki dwe imedyatman lage rès otaj Izrayelyen yo. Detay: Jeanty Augustin Junio
WASHINGTON (AP) — Lamezon Blanch te bay Ikrèn "avètisman klè" anvan Prezidan Donald Trump te bay lòd semenn sa a pou mete yon poz sou asistans militè ak pataj ransèyman Etazini ak Kyèv.
Yon nouvo asosyasyon kiltirèl an fonksyon nan kominote Ayisyèn nan. Yo ofisyèlman lanse aktivite yo 22 fevriye pase a. Objektif yo se kenbe Ayisyen konekte ak kilti lakay yo.
Fritz Alphonse Jean pran tèt Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) pandan yon seremoni envestiti ki fèt vandredi 7 mas nan Musseau. Nan yon kontèks sekirite kritik, li lanse yon apèl pou inite epi anonse mezi konkrè pou konbat gang ame yo.
SEOUL, KORE DI SID (AP) — Yon tribinal Kore di Sid bay lòd pou yo lage Prezidan Yoon Suk Yeol, ki te destitiye, lage nan prizon. Desizyon sa a pral pèmèt Yoon ale devan tribinal pou akizasyon rebelyon kont li.
FBI a arete yon sòlda ameriken jedi, yo sispèk li te vann enfòmasyon sekrè bay Lachin, daprè sa Ministè Jistis la deklare.
Nan 2 semèn, plis pase 24 mil moun kouri kite lakay yo akoz atak gwoup nèg ak zam yo sou plizyè katye nan kapital la, Pòtoprens, selon yon dènye bilan òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM).
Ladwann nan Repiblik Dominikèn, anonse yo sezi yon kagezon zam ak katouch ki t ap pran direksyon Ayiti.
Tarif Prezidan Donald Trump te menase depi lontan pou l enpoze kont Kanada ak Meksik antre ann aplikasyon epi deklanche yon gè komèsyal ak peyi vwazen Etazini yo. Apati minui Madi, pwodui ki soti Kanada ak Meksik te gen yon taks 25% sou yo.
Jwenn garanti sekirite ameriken gen "yon enpòtans egzistansyèl" pou Kyèv, men tou pou Inyon Ewopeyèn nan, se sa Premye minis ikrenyen an, Denys Shmyhal, te fè konnen madi, pandan Mezon Blanch te anonse sispansyon èd militè li bay Ikrèn.
Load more