Accessibility links

 
Biwo Federal Envestigasyon (FBI) Arete Yon Sòlda Ameriken ki Anba Akizasyon Kòmkwa li te Vann Lachin Enfòmasyon Sekrè
Breaking News

Biwo Federal Envestigasyon (FBI) Arete Yon Sòlda Ameriken ki Anba Akizasyon Kòmkwa li te Vann Lachin Enfòmasyon Sekrè


Trump Election Security
Trump Election Security

FBI a arete yon sòlda ameriken jedi, yo sispèk li te vann enfòmasyon sekrè bay Lachin, daprè sa Ministè Jistis la deklare.

Lame ameriken di sa montre "menas pèmanan k ap grandi" sèvis ransèyman etranje yo poze.

Jian Zhao, yon sèjan ki afilye ak 17 tyèm Brigad Atiri a epi ki responsab pou apwovizyònman ak lojistik, akize paske li te "founi, transmèt, epi eseye transmèt" enfòmasyon sekrè, "ki gen ladan plizyè disk ki gen enfòmansyon ak detay sou sistèm (lans wòkèt miltip) Himars" bay achtè ki pa idantifye nan Lachin, daprè akizasyon an.

Himars se yon sistèm atiri ki pèmèt frape sou long distans. Vòl enfòmasyon yo te kòmanse nan mwa jiyè 2024 epi Zhao te resevwa omwen 15,000 dola pou sa.

Li te enkilpe pa yon gran jiri pou sispisyon konplo, chache jwenn epi transmèt enfòmasyon sou defans nasyonal bay moun ki pa otorize, ansanm ak koripsyon ak vòl byen gouvènman an.

FBI a te arete tou de lòt moun yo sispèk jedi: sòlda ameriken an sèvis Li Tian ak ansyen sòlda Ryoyu Duan. Yo sispèk yo te enplike nan vòl byen gouvènman an ak koripsyon.

XS
SM
MD
LG