Accessibility links

 
Trump di Gouvènman an ta Ka Fèmen, men li Espere Evite sa
Breaking News

Trump di Gouvènman an ta Ka Fèmen, men li Espere Evite sa


US President Donald Trump speaks after signing executive orders in the Oval Office of the White House in Washington, DC on March 6, 2025.
US President Donald Trump speaks after signing executive orders in the Oval Office of the White House in Washington, DC on March 6, 2025.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, deklare dimanch yon fèmti gouvènman an "ta ka rive" si Chanm Depite a pa ka rasanble ase vwa pou pase yon lwa finans tanporè, men li rete optimis mezi a ap apwouve.

"Sa ta ka rive. Sa pa ta dwe rive, epi li pwobableman p ap rive. Mwen panse CR la [rezolisyon pwovizwa a] pral pase. N ap wè." Se sa Trump te di lè repòtè yo te mande l si gouvènman an pral fèmen semèn sa a lè lajan bidjè a kaba 14 mas.

Li t ap pale de yon rezolisyon ki ta finanse gouvènman an nan menm nivo sa ye kounye a, pou tout rès ane fiskal 2025 la, k ap bout 30 septanm.

Repibliken yo, ki gen kontwòl Chanm Depite a, te revele yon pwojè-lwa tanporè pou 6 mwa, samdi, epi yo konte vote sou li madi.

Samdi, Trump te eksprime sipò li pou rezolisyon an epi li te ankouraje lòt Repibliken yo vote pou li.

"Tout Repibliken ta dwe vote (Tanpri!) WI semèn pwochèn." Se sa Trump te ekri sou rezo sosyal li samdi.

"Gen gwo bagay ki pral vini pou Lamerik, epi m ap mande nou tout pou n ban nou kèk mwa pou mennen nou jiska septanm, konsa nou ka kontinye mete lòd nan finans peyi a."

Sipò li pou lwa finans la ankouraje kèk Repibliken radikal ki te vote kont yon rezolisyon menm jan an anvan sa, yon obstak enpòtan nan Chanm nan kote Prezidan Mike Johnson ap dirije ak yon ti majorite 218 repibliken kont 214 demokrat.

XS
SM
MD
LG