Accessibility links

 
Zelensky di, Ikrèn Vle Lapè, yon Jou Anvan Vegosyasyon ak Etazini
Breaking News

Zelensky di, Ikrèn Vle Lapè, yon Jou Anvan Vegosyasyon ak Etazini


Ukraine's President Volodymyr Zelensky reacts as he leaves after attending a summit held at Lancaster House in central London on March 2, 2025.
Ukraine's President Volodymyr Zelensky reacts as he leaves after attending a summit held at Lancaster House in central London on March 2, 2025.

Ikrèn vle lapè, epi Larisi se "sèl rezon ki fè lagè a kontinye," dapre sa prezidan ikrenyen an, Volodymyr Zelensky, deklare lendi, yon jou anvan kèk negosyasyon ki ka gen anpil enpòtans nan Arabi Saoudit.

Dirijan ikrenyen an ekri sou Telegram : "Ikrèn ap chèche lapè depi premye segond lagè a kòmanse, epi nou toujou di sèl rezon ki fè lagè a kontinye, se Larisi."

Deklarasyon sa a vini pandan M. Zelensky ap tann lendi nan Arabi Saoudit, kote yon delegasyon ikrenyen pral rankontre madi ak yon ekip ameriken sou fason pou yo mete fen nan lagè a ant Ikrèn ak Larisi. Moskou te anvayi vwazen li a sa gen plis pase twa zan.

Reyinyon madi a ta dwe premye fwa otorite ikrenyen ak ameriken yo rankontre depi vizit Volodymyr Zelensky te fè nan Mezon Blanch fen fevriye a, vizit ki te tounen yon diskisyon byen chofe.

Depi lè sa a, Washington kanpe èd militè li ak pataj enfòmasyon li yo, li di li vle fòse Ikrèn aksepte diskite sou sispansyon ostilite yo.

XS
SM
MD
LG