Accessibility links

Breaking News

Yon Nouvo Gwoup Merin Ameriken Rive Ayiti pou Sekirize Anbasad Etazini


Anbasad Etazini nan Potoprens, kote lame Ameriken transpote soti pa avyon anplwaye non-esansyel yo akoz zak vyolans yo, 10 Mas, 2024.
Anbasad Etazini nan Potoprens, kote lame Ameriken transpote soti pa avyon anplwaye non-esansyel yo akoz zak vyolans yo, 10 Mas, 2024.

Anbasad Etazini nan peyi d Ayiti anonse sou kont Twitter li, kidonk rezo ki rele X kounyea, ke yon dezyèm gwoup Marin rive Ayiti "pa vwa ayeryen pou bay anpil sipò ak ekip aktyèl Sèvis Sekirite Diplomatik DSS anbasad la."

Anbasad la presize ke mezi sa a "konfòm ak pratik estanda ki genyen pou ogmantasyon sekirite anbasad Etazini atravè mond lan.

Li ajoute "Anbasad nou an rete konsantre sou pouswit jefò diplomatik ak imanitè yo an ayiti.

Isit Washington menm, potpawol Depatman Deta a, Matthew Miller di Etazini atann ni aske manm konsèy tranzisyon an nomen nan ant 24 ak 48 hè.

"Dapre akò ke yo te anonse Lendi, nou atann nou aske yo nomen manm konsèy tranzisyon an nan pwochen 24 a 48 hè epi apre sa yo va franchi pwochen etap la ki se nomen yon premye minis pa enterim."

VOA mande Depatman d Eta si peryòd tan li bay la se yon iltimatòm e kisak pral rive si yo pa fè l nan 48 hè.

Depatman d Eta reponn pou di, "yo va senpman travay sou nominasyon yon premye minis enterimè."

Nan Nouyòk, LONU konfime kèk anplwaye ki pa esansyel pral kòmanse kite Ayiti apati Mekredi akoz sityasyon volatil la.

Pòt pawòl Nasyonzini di jounalis yo LONU pap kite Ayiti. Gen kolèg k ap "mennen aktivite pou sove lavi moun ki pral rete an Ayiti epi kontinye operasyon yo."

Li ajoute ke LONU kontinye veye sityasyon Ayiti de pre.

Korespondan VOA nan Depatman d Eta Nike Ching ak Korespondan VOA nan Nasyonzuni, Margaret Besheer kontribye a repòtaj sa a

XS
SM
MD
LG