Accessibility links

Breaking News

Depatman Deta: Guy Philippe Pa Reponn Kritè pou Patisipe nan Konsèy Prezidansyèl la


aitian National Revolutionary Liberation Front Commander-in-Chief, Guy Philippe, hugs other soldiers from the
aitian National Revolutionary Liberation Front Commander-in-Chief, Guy Philippe, hugs other soldiers from the

Yon responsab wo plase Depatman Deta pale ak laprès entènasyonal ki fè repòtaj sou Ayiti Madi 12 Mas 204 la.

Youn nan jounalis yo mande si Etazini ta aksepte pou ansyen Senatè eli Guy Philippe fè pati konsèy la"

Responsab la reponn: " Sètènman pa rapò ak patisipasyon nan konsèy prezidansyèl la, kritè yo di li ekskli endividi ke lajistis akize, enkilpe oubyen kondane pou krim."

Yon lòt jounalis mande si Guy Philippe ta ranpòte yon eleksyon lib e onèt an Ayiti, eske Etazini ta dakò pou travay ak li, etan done ke li te kondane pou krim epi pije yon santans prizon Ozetazini?

Responsab la reponn: Mwen kwè se pa Etazini sèlman men anpil peyi nan kominote entènasyonal la ki ta konsidere yon moun ke lajistis kondane pou plizyè krim yon bagay ki trè preokipan, e sa ta ba nou gwo kè sote.

Reponsab la ajoute ke fòk yo ta gade kisa lwa peyi d Ayiti di pa rapò ak yon bagay konsa tou.

Nap raple ke Philippe te dirije yon kou deta an 2004 pou ranvèse gouvènman Prezidan Jean-Bertrand Aristide. Li te poze kandidati li a la prezidans an 2006 san siksè, epi ranpote yon syèj nan Sena Ayiti an 2016, ke li pat janm okipe paske Etazini te arete l epi ekstrade l anvan seremoni prestasyon sèman an.

Etazini te depòte Philippe nan mwa Novanm 2023 epi voye l tounen Ayiti.

Lajistis Ameriken te akize l epi kondane l pou l pase 6 ane nan prizon pou blanchiman lajan li te fè nan trafik dwòg.

Apre retou li an Ayiti, Philippe te deklare objektif li se lanse yon "revolisyon pasifik" an Ayiti.

Nan yon entèvyou ak ajans nouvèl Reuters 8 Mas, li te deklare li ta renmen prezidan Ayiti.

Korespondan VOA nan Depatman d Eta Nike Ching kontribye a repotaj sa a

XS
SM
MD
LG