Accessibility links

Breaking News

Lamezonblanch Salye Desizyon PM Ariel Henry Pran pou l Demisyonnen


Foto Achiv: Konseye Lamezonblanch sou Zafe Sekirite Nasyonal Jake Sullivan pale pandan yon konferans pou lapres nan Washington.
Foto Achiv: Konseye Lamezonblanch sou Zafe Sekirite Nasyonal Jake Sullivan pale pandan yon konferans pou lapres nan Washington.

Lamezoblanch eksprime satisfaksyon li ak rankont ki te dewoule nan La Jamayik Lendi.

Konseye Lamezonblanch sou zafè ki gen rapò ak sekirite nasyonal, Jake Sullivan di Etazini kwe se Ayisyen ki dwe pran desizyon sou Ayiti.

"Se pèp Ayisyen an ki dwe pran desizyon pa rapò ak pèp Ayisyen an. Se pou sa nou te apiye yon rankont nan peyi Jamayik ke pati prenant Ayisyen yo te dirije - se pa Etazini ki te dirije l. Se pa noumenm ki dikte sak dwe pase. Se pa wòl nou pou n deside kiyès ki dwe dirije Ayiti - sa pèp Ayisyen an ki dwe deside. "

Nou fyè apiye jefò ki te dewoule yè a. E lè nou gade demisyon Premye Minis Henry a - se pa yon bagay Etazini egzije l fè, men se limenm ki pran desizyon an - se yon bagay nou apiye paske li pran an konsiderasyon pi bon enterè peyi d Ayiti ak entere pèp Ayisyen an."

Sullivan ajoute Etazini trè rekonesan devan CARICOM ak Premye Minis Ariel Henry.

"Nou remèsye CARICOM pou lidèship li epitou patnè entènasyonal nou yo e nou salye Premye Minis Henry paske li mete peyi li ak pèp Ayisyen an an premye lè li aksepte pou l demisyonen apre ke konsèy tranzisyon an etabli.

E nou te wè Sekretè Blinken te jwe yon wòl esansyèl nan rankont Jamayik la. Li anonse ye apremidi sipò adisyonèl pou misyon sipò sekirite miltinasyonal pou Ayiti a ansanm ak plis asistans imanitè. Nou ankouraje lòt peyi fè sa yo kapab pou pèmèt misyon sa a ke Kenya pral dirije deplwaye pou apiye Polis Nasyonal Ayiti.

Nou konnen gen anpil travay ki rete pou fè men sa se kèk pa pozitif kap pave chimen an pou pep Ayisyen an pou yo ka eli lide yo, stabilize peyi yo epi detèmine avni yo. "

Sullivan deklare Etazini te gen konvèsasyon konstriktif ak Kenyan yo e ke gouvènman Ameriken an kontinye apiye jefò yap fè pou dirije misyon an.

Misye fini pou di li gen espwa misyon an ap kapab avanse yon fason efikas.

Korespondan VOA nan Lamezonblanch Patsy Widakuswara kontribye a repòtaj sa a

XS
SM
MD
LG