Accessibility links

Breaking News

Ayiti ap Prepare pou Jwenn yon Nouvo Lidè, Gang yo Vle yon Chèz bò Tab Negosyasyon yo


Haiti Violence
Haiti Violence

PORT-AU-PRINCE, Ayiti (AP) — Politisyen toupatou ann Ayiti ap goumen pou yo pran pouvwa a apre Premye Minis Ariel Henry fin anonse ke li ap demisyonen depi gen yon konsèy prezidansyèl tranzisyon pou ranplase li.

Men gen gang pwisan ki kontwole 80% kapital peyi Dayiti e ki ap diskite pou yo chita tou nan negosyasyon ki ap fèt sou avni Ayiti.

Lidè Caricom yo te bat bravo pou tèt yo lendi apre yo fè kwè ke yo jwenn yon antant ki ap mete Ayiti sou yon nouvo chemen politik, san yo pa pale de gwoup ame yo.

Kèk ekspè te avèti Madi ke pa gen anyen ki ap chanje sof si gen gang nan konvèsasyon an.

Gang yo gen bon jan koneksyon ak elit politik ak ekonomik Ayiti, men yo vin pi endepandan.

XS
SM
MD
LG