Accessibility links

Breaking News

Inyon Ewopeyen Bay Ayiti 20 Milyon Ero pou Èd Imanitè


Haiti Scarcity
Haiti Scarcity

Inyon Ewopeyen an anonse Mèkredi 13 Mas 2024 ke li bay Ayiti 20 milyon ewo èd imanitè, nan moman kote popilasyon an ap soufri anba zak vyolans gang nan peyi a nan mitan yon kriz politik ki te pouse Premye Minis lan anonse demisyon l.

Yon pòtpawòl Komisyon an Balazs Ujvari deklare "Nivo vyolans gang yo lakoz bezwen imanitè ogmante anpil nan peyi sa a".

Èd sa a pral pèmèt aktè imanitè ki prezan sou teren an "reponn bezwen ki pi ijan yo nan popilasyon an." Ujvari ensiste tou pou di ke yon pati nan èd sa a ta dwe pèmèt timoun ayisyen yo jwenn edikasyon, pandan anpil lekòl fèmen akoz kriz la nan peyi Karayib la.

Aktyèlman Ayiti pa gen prezidan ni palman - dènye chèf leta a, Jovenel Moïse, te mouri asasinen an 2021.

Dènye fwa Ayiti te gen eleksyon sete an 2016. Popilasyon an ak klas politik la te kwè ke Premye Minis Ariel Henry, ke Jovenel Moïse te nonmen, te dwe kite fonksyon an pou pita nan kòmansman mwa Fevriye ki sot pase a.

Gang yo pran kontwòl kèk gwo moso nan peyi a ki gen 11.6 milyon abitan.

XS
SM
MD
LG