Accessibility links

Breaking News

Lamezonblanch: Nou pral Kite Pèp Ayisyen an Jere Dat pou Konsèy Prezidansyèl la Nonmen


Foto Achiv: Sekrete de Pres Lamezonblanch Karine Jean-Pierre pandan yon konferans pou lapres nan Washington, 5 Mas, 2024.
Foto Achiv: Sekrete de Pres Lamezonblanch Karine Jean-Pierre pandan yon konferans pou lapres nan Washington, 5 Mas, 2024.

VOA mande Lamezonblanch opinyon administrasyon Biden nan sou peryòd tan 48 hè akò CARICOM nan bay pou konsèy tranzisyon prezidansyèl pou Ayiti a an plas.

Pòtpawòl Karine Jean Pierre reponn: Nou pral kite pèp Ayisyen an jere jefò yo ak dat pou konsèy la nomen. Li reitere ke Etazini kwè se Ayisyen ki dwe chwazi lidè yo epi detèrmine avni yo.

Karine Jean Pierre di: "Nou trè klè sou sa, nou pran angajman pou apiye Ayisyen ak jefò Ayisyen ap fè pou kreye Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an pou retabli sekirite epi pare chimen an pou eleksyon lib e onèt ki se yon bagay nou kwè ki trèz enpòtan.

Pa rapò ak si Etazini va rekonèt Guy Philippe si li eli prezidan d Ayiti, Jean Pierre di nou: "Gen yon deklarasyon CARICOM pibliye ki detaye kiyès ki kapab manm konsèy la. Se tout sa map di."

Korespondan VOA nan Lamezonblanch Anita Powell ak Patsy Widakuswara kontribye a repòtaj sa a

XS
SM
MD
LG