Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Kenya a sispann deplwaman lapolis ann Ayiti


YE Top Photos Africa 2023
YE Top Photos Africa 2023

NAIROBI, Kenya (AP) — Yon otorite nan Kenya di ke gouvènman li an sispann plan pou deplwaye omwen 1,000 polisye ann Ayiti apre vyolans ki pete nan nivo ke nasyon Karayib la pa te janm wè anvan, e apre Premye Minis Ariel Henry fin anonse ke li ap demisyone depi gen yon Konsèy prezidansyèl pou ranplase li.

Kenya te dakò nan mwa Oktòb pase pou l dirije yon fòs polis entènasyonal ke Nasyonzini otorize pou ale ann Ayiti, men pwosesis la te bloke nan mwa Janvye nan pi gwo tribinal peyi a, jiskaske dirijan 2 peyi yo te siyen yon akò nan kòmansman mwa sa a, ki te kreye chemen pou deplwaman fòs la.

Sepandan, Prensipal Sekretè Afè Etranjè Kenya a, Koriri Sing'oei, te di Madi ke gen yon "chanjman fondamantal nan sityasyon Ayiti kote zak briganday kraze nèt “Lalwa ak Lòd" nan peyi sa.

XS
SM
MD
LG