Reyaksyon ayisyen ki ap viv an France apre deklarasyon Macron fe kote li di dirijan ayisyen yo yo "Sòt"
Ann Ayiti, Pòt pawòl Misyon MiltiNasyonal Sipò ak Sekirite a, Kenyan Jack M'Baka chita ak yon jounalis VOA Kreyòl pou eksplike rezon popilasyon an poko wè rezilta reyèl lit kont ensekirite a
Chef misyon MSF la Christophe Garnier di yo pa anpeche lajistis fe travay yo men misyon yo se pou yo sevi tout popilasyon an kelkeswa moun
2 manm kowalisyon "Viv ansanm" tonbe nan boukantay kout zam ak lapolis ayè jedi a, nan moman otorite yo t ap mennen yon operasyon gwo ponyèt anba Delma.
Aprè 2 konsè l yo nan peyi Dayiti pandan kòmansman mwa novanm nan, nan kad toune li ki rele « Danje Tour », chantèz Lycinaïs Jean ki gen orijin li nan peyi Lagwadloup ak Matinik ap vin jwe Monreyal nan Espace Prestige, 30 novanm k ap vini la.
Imigrasyon lòtbò dlo depòte plis pase 165 mil migran Ayisyen pandan ane 2024 la, dapre chif ofisyèl Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon, pibliye jodi vandredi 22 novanm lan.
Administrasyon Federal Aviyasyon (FAA) nan peyi Lèzetazini otorize avyon konpayi ayeryen yo kay tonton SAM vole sou vil Okap, ki twouve l nan depatmam nò peyi a.
Jij Jean Wilner Morin enstale Jedi (21 Nov) nouvo pwotekte sitwayen. Li ranplase Renan Hedouville ki te gen yon manda 7 an ki rive nan bout li.
Nan Reyinyon Konsèy Sekirite Nasyon Zini fè sou sitiyasyon ann Ayiti Yè Mèkredi 20 Novanm nan, Larisi ak Lachin kanpe ankwa ak lide pou ta transfòme fòs miltinasyonal Kenya ap dirije ann Ayiti a kòm yon fòs misyon mentyen lapè Nasyonzini.
Jounalis VOA Kreyol nan Potoprens, Renan Toussaint pale ak 2 om politik ki di yo opoze lide pou transfome Misyon Sipo Sekirite LONU an nan yon Fos Mentyen Lape.
Sunrise Airways rekomanse vòl ant Kap Ayisyen ak Miami, 8 jou apre sanksyon FAA yo.
Nan yon entevyou esklizif ak VOA Kreyol, Chèf Misyon Medsen Sans Fwontyè Christophe Garnier esplike rezon ki fè MSF fèmen pòt li nan Pòtoprens.
Load more