Accessibility links

Breaking News

Larisi Lapide Ikrèn ak Misil, Dron


Larisi atake Ikrèn ak yon pakèt misil ak dron ke otorite yo di touye 4 moun, blese plis pase yon douzèn moun epi andomaje enstalasyon elektrisite.

Prezidan Volodymyr Zelensky dekri dènye atak yo kòm "degoutan":

"Pata dwe gen okenn restriksyon sou pòte zam pou Ikrèn yo, nan moman teworis yo pa gen oken restriksyon yomenm. Moun kap defann lavi pata dwe fè fas ak restriksyon zam pandan Larisi sèvi ak tout kalite zam, ansanm ak dron "Shahed" epi misil balistik ki soti Kore di Nò. Etazini, Wayom Ini, La Frans ak lòt patnè yo gen pouvwa pou yo ede nou sispann terè a. Nou bezwen desizyon."

Atak ak plis pase 100 misil e menm kantite dron yo te tanmen vè minuit epi dire jouk solèy la te leve Lendi nan sa ki sanble pi gwo atak Ris yo lanse depi kèk semèn.

Aviyasyon Ikrenyen an di yon dig dal dron Ris te tire sou rejyon ès, nò, sid ak santral Ikrèn epi apre sa misil kwazyè ak balastik te suiv.

Ajans nouvèl Reuters fè konnen jounalis li, Ryan Evans, ki se manm ekip kap kouvri lagè Ikrèn nan mouri epi 2 lòt jounalis blese nan yon frap Ris ki fèt Dimanch kont yon otèl nan vil Kramatorsk nan ès peyi a.

XS
SM
MD
LG