Accessibility links

Breaking News

Risi: Dronn Ikrèn Deklannche yon Dife - 41 Ponpye Blese


Plis pase 40 ponpye blese nan konbat yon dife ki pete nan yon estòk kabiran akoz yon atak dropnn ikrenyen nan vil Proletarsk nan sidwès LaRisi, se sa otorite local yo anonse.

Otorite yo deklare eta dijans nan vil la ki nan rejyon Rostov, kote dife a te kontiye ap boule nan yon enstalasyon endistriyèl pou yon 2èm jounen youn apre lòt, se sa administrasyon distri Proletarsk te anonse.

Gouvènè rejyon an, Vassili Goloubev, di sou Telegram: “Pou kounye a, lopital santral distri a ap ekzaminen 41 ponpye. Yo entène 18 nan yo, e pami yo gen 5 ki nan swen entansif.”

Yon sous nan Ikrèn fè konnen enstalasyon kote dife a pran an t ap founi materyèl bay “konplèks militè ak endistriyèl LaRisi a.

XS
SM
MD
LG