Accessibility links

Breaking News

Lame Ris la di li "Repouse" Atak Ikrenyen nan Kursk

TOPSHOT - A Ukrainian military vehicle drives from the direction of the border with Russia carrying blindfolded men in Russian military uniforms, in the Sumy region, on August 13, 2024, amid the Russian invasion of Ukraine.

Lame Ris la deklare yon lòt fwa ankò Mèkredi li te "repouse" atak Ikrenyen ki te vize "penetre byen fon" nan rejyon fwontyè Kursk la, nan wityèm jou depi Ikrèn te lanse yon ofansiv andan Larisi.

Ofisyèl ris yo te di nan yon kominike ke Fòs Larisi yo, ki te itilize avyon, dron ak atiri, pou " dejwe tantativ gwoup mobil ènmi yo sou machin blende pou antre byen fon nan teritwa Ris" e sa te lakòz gwo pèt nan kan Ikrenyen yo.

XS
SM
MD
LG