Accessibility links

Breaking News

Ofansif Ikrenyen: Kyev di li Pa Vle Anèkse Teritwa Ris


Ukrainian servicemen wait in a military vehicle to head for a combat mission, in the Sumy region, near the border with Russia, on August 13, 2024, amid the Russian invasion of Ukraine.
Ukrainian servicemen wait in a military vehicle to head for a combat mission, in the Sumy region, near the border with Russia, on August 13, 2024, amid the Russian invasion of Ukraine.

Pòtpawòl Ministè Afè Etranjè Ikrenyen an, Georgii Tykhiï, te asire Madi ke Ikrèn pap chache anekse okenn teritwa Ris.

Potpawol la tap fè referans ak operasyon militè ki lanse depi yon semèn nan rejyon Ris ki rele Kursk la.

Li ajoute: "Kontrèman ak Larisi, Ikrèn pa bezwen pwopriyete lòt moun."

"Ikrèn pa vle anèkse teritwa nan rejyon Kursk la, men li vle pwoteje lavi moun li yo, " se sa diplomat la te di pandan yon konferans pou laprès.

XS
SM
MD
LG