Accessibility links

Breaking News

Larisi Kondane yon Amerikèn-Ris a 12 Zan Prizon Poutèt li Fè Kado $52 pou Ede Ikrèn


Ksenia Karelina, ke moun konnen tou kom Khavana chita deye yon vit nan yon sal tribinal nan Yekaterinbourg, Larisi, Jedi 15 Out, 2024.
Ksenia Karelina, ke moun konnen tou kom Khavana chita deye yon vit nan yon sal tribinal nan Yekaterinbourg, Larisi, Jedi 15 Out, 2024.


Yon dam ki gen doub nasyonalite - a savwa Amerikèn ak Ris, jwenn kondanasyon pou trayizon nan Larisi, kote yon tribinal enpoze yon santans 12 zan prizon kont li. Akizasyon yo pote kont li gen pou wè ak $52 dola li te bay yon oganizasyon charite kap ede Ikrèn.

Nouvèl yo di Ksenia Khavana, ke otorite Ris yo idantifye pa non jèn fi li, Ksenia Karelina te jwenn arestasyon l nan vil Yekaterinboug nan mwad Fevriye a. Li te plede koupab nan fen yon pwosè ki te dire yon semèn.,

Dapre nouvèl yo, Khavana te vinn yon sitwayen Ameriken apre li te marye ak yon Ameriken epi al viv Los Angeles.

Yon oganizasyon kap defann dwa moun di akizasyon la jistis Ris la pote kont li gen pou wè ak $51.80 santim ke li te fè kado yon oganizasyon charite Ameriken.

Avoka li di li pral ann apèl pou konteste desizyon tribinal la.

XS
SM
MD
LG