Accessibility links

Breaking News

Yon Sitwayen Ameriken Jwenn li Arestasyon nan Moskou pou 'Vyolans' Li Fè Sou Lapolis


Lapolis Larisi arete yon sitwayen ameriken nan Moskou pou "vyolans" kont yon ofisye lapolis, dapre sa envestigatè yo te di Mèkredi 14 Dawout 2024 la.

Komite Envestigatif Larisi a te di nan yon deklarasyon "Nan lannwit 12 out 2024, yo te mennen yon sitwayen ameriken nan yon komisarya Moskou pou "zak vyolans li komèt".

Yo te kontinye pou yo di ke "Sispèk la te refize bay dokiman idantite li yo, apre sa li te komèt zak vyolans kont yon ofisye lapolis".

Deklarasyon an te di nonm lan, ke yo pat nonmen, pwal gen akizasyon kap tonbe sou do li epi envestigatè yo ap mande tribinal pou yo mete l nan prizon.

Ensidan sila rive 2 semèn apre yo te libere repòtè ameriken Evan Gershkovich, ansyen merin ameriken Paul Whelan ak 14 lòt moun ki te nan prizon Larisi nan yon gwo boukantay prizonye an kolaborasyon ak plizyè peyi lwès .

Genyen toujou plizyè sitwayen ameriken ak lòt sitwayen peyi oksidantal ki toujou nan prizon Larisi sou lòt akizasyon lajistis genyen kont yo.

XS
SM
MD
LG