Accessibility links

Breaking News

Kremlen an Admèt Ajan Ransèyman te Pami Ris ki Jwenn Liberasyon yo nan Boukantay Prizonye a


Prezidan Ris Vladimir Putin salye Vadim Krasikov apre li rive Moskou nan gwoup prizonye Ris l Oksidan libere yo nan yon boukantay ak Larisi, 1 Out, 2024.
Prezidan Ris Vladimir Putin salye Vadim Krasikov apre li rive Moskou nan gwoup prizonye Ris l Oksidan libere yo nan yon boukantay ak Larisi, 1 Out, 2024.

Nouvo detay komanse parèt sou pi gwo boukantay prizonye ki fèt depi fen Lagè Fwad la. Kremlen an admèt pou premye fwa kèk pami Ris L Oksidan libere yo te manm sèvis sekirite li yo.

Fanmi disidan yo libere yo eksprim e kè kontan yo apre liberasyon sipriz la.

Prezidan Vladimir Putin kwoke chak pami 8 Ris ki tounen nan ayeropo Moskou a epi powmèt pou l remèt ba yo prim leta.

Pami yo te gen Vadim Krasiikov - yo asasen Ris ki tap pije yon santans prizon an Almay pou asasina yon ansyen konbatan Tchechen nan vil Berlen an 2019.

Pot pawol Kremlen an, Dmitry Peskov deklare Krasikov se yon ofisye Sèvis Federal Sekirite a - yon fè ke l Oksidan te rapote pandan ke Moskou te toujou demanti nouvèl la.

XS
SM
MD
LG