Accessibility links

Breaking News

Fran Tire Touye 4 Prizonye ki te Pran Moun ann Otaj nan yon Prizon nan LaRisi


Laprès nan LaRisi rapòte ke fran tirè nan gad nasyonal peyi a touye 4 prizonye ki te pran gad prizon kòm otaj e ki deklare fidelite pou gwoup Eta Islamik la.

Nouvèl yo site pawòl Sèvis Gad Nasyonal la ki fè konnen tout otaj yo jwenn libète yo, malgre li pa di imedyatman konbe yo ye.

Pa gen anpil detay sou vyolans nan prizon an ki nan Surovkino, nan 860 kilomèt distans ak pati sidwès Moskou, e li pa klè kouman prizonye yo te fè pran otaj yo plizyè èdtan anvan sa.

Anvan yo te tire prizonye yo, ajans nouvèl leta, Tass, te fè konnen machin te mennen 4 viktim yo nan yon lopital lokal e ke 2 nan yo te nan eta grav. Nouvèl ki pa gen konfimasyon, ki parèt sou rezo kominikasyon Telegram, te di youn ou 2 moun pèdi lavi.

XS
SM
MD
LG