Accessibility links

Breaking News

Lame Ikrèn di li te Sèvi ak Bonm ki gen Anpil Presizyon nan Rejyon Kursk nan LaRisi


Nan foto sa ake Ministe Defans larisi pataje ak lapres yon solda ris tire yon misil D-30 howitzer sou pozisyon Ikrenyen, 22 Out, 2024.
Nan foto sa ake Ministe Defans larisi pataje ak lapres yon solda ris tire yon misil D-30 howitzer sou pozisyon Ikrenyen, 22 Out, 2024.

Lame Ikrèn nan di li te sèvi ak bonm ki tache nan fil e ki gen anpil presizyon, ke Etazini te ba li, pou li te lanse frap nan rejyon Kursk nan LaRisi.

Li fè konnen tou li repran moso tè nan rejyon Kharkiv nan lès Ikrèn, kote LaRisi te lanse yon gwo ofansiv nan sezon prentan pase. Fòs Ikrèn yo pran yon nouvo elan, mwa sa a, apre livrezon ameriken ki te gen reta yo te finalman rive. Kyèv te lanse yon ofansiv chòk nan rejyon Kursk nan lwès LaRisi 6 Daout pase, pandan ke an menm tan li ogmante yon gè ak dronn kont lame a epi atake kèk pozisyon ki deklannche dife nan LaRisi semenn sa a.

Antre nan LaRisi a moutre feblès ki gen nan kan Ris yo men tou li ogmante chann batay pou menm kantite fòs Ikrèn yo, ki te deja ap goumen sou yon liy batay ki byen long.

XS
SM
MD
LG