Accessibility links

Breaking News

Zelenskyy fè Premye Vizit li nan Zonn Fwontyè a Depi Ofansiv nan LaRisi a

Nan foto sa a ke biwo prezidansyel Ikren nan pataje ak lapres, Prezidan Volodymyr Zelenskyy (mitan) komandan an chef lame a, Oleksandr Syrsky ( a dwat) gade yon kat pandan vizit yo nan Sumy, Ikren, 22 Out, 2024.

Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy fè premye vizit li nan zonn fwontyè a kote fòs li yo te lanse ofansiv sipriz yo a nan LaRisi, sa gen 2 semenn.

Pandan vizit la jedi, li fè konnen lame Kyèv la te pran kontwòl yon lòt vilaj e sezi plis prizonye lagè.

Pandan li te nan rejyon Sumy nan nò a, Zelenskyy te di ke nouvo prizonye lagè yo ki soti nan Kursk la ta ede bati sa li rele yon « fon boukantay » pou yo ka jwenn liberasyon Ikrenyen ki anba men Ris yo.

Zelenskyy pa bay non nouvo vilaj ke li di fòs li yo sezi a, e li pa te janbe antre nan LaRisi, yon bagay ke Moskou ta konsidere kòm yon pwovokasyon.

XS
SM
MD
LG