Accessibility links

Breaking News

Jeneral Laura Richardson sou Posibilite pou Etazini Voye Twoup an Ayiti: 'Non, Pa Pou Kounyea'


Jeneral Ameriken Laura J Richardson pandan fowom Atlantic Council la.
Jeneral Ameriken Laura J Richardson pandan fowom Atlantic Council la.

Nan yon fowòm òganizasyon Atlantic Council òganize pou diskite sou kestyon sekirite, Jeneral Ameriken Laura Richardson te reponn kestyon sou Ayiti.

Jounalis magazin politik Ameriken Politico te mande si Etazini ap konsidere voye militè an Ayiti.

Jeneral Richardson fe pati Kòmandman Sid Etazini:

Pa pou kounyea. Lame toujou ap planifye pou nempòt ki sityasyon posib. Sètènman sakap pase Ayiti desevan donk sa Kòmandman Sid la pare pou fè, se asire repons nou yo fèt yon fason imen fas ak kriz aktyèl la. Sètènman, Depatman Deta nou ak negosyasyon diplomatik yo ak solisyon ke yap jere ak lòt gouvènman nan Karayib la ak nan kominote entènasyonal la ak nan LONU. Nou espere jefò sa yo ap absoluman ranpòte siksè.

Jounalis la mande apre sa, si twoup Ameriken taka fè pati solisyon entènasyonal pou kriz Ayiti a.

Jeneral Richardson reponn: "Se yon posibilite an fen d kont. Nou pa ekate posibilite sa a - si ou konnen sakap pase Ayiti, sa nou wè nan nouvèl yo. Kidonk, nou pare - sizoka Depatman Deta nou ak Depatman Defans nou ta mende pou nou fè sa."

Depatman Deta ak Lamezonblanch repete plizyè fwa ke administrasyon an pa gen entansyon patisipe militèman nan fòs sekirite miltinasyonal ki gen kòm misyon ede Polis Nasyonal Ayiti konbat gang yo epi sekirize peyi a.

Kenya volontye pou dirije fòs la, ke Nasyonzini otorize, epi kontribye 1,000 polisye ladann. Gen plizyè lòt peyi - pami yo Bahamas, Jamayik ak Benen ki volontye pou kontribye polisye tou.

Etazini pwomet pou l kontribye $300 milyon pou apiye lojistik, ekipman ak sevis pou peyi kap kontribye a fòs la. Sepandan yon Senate ak yon Depite Repibliken nan Kongre a derefize dekese lajan an paske yo di administrasyon Biden nan pa ba yo ase detay sou fòs la e yo gen dout sou posibilite pou tribinal peyi Kenya pa anpeche peyi a patisipe nan jefò pou sekirize Ayiti.

Chef gang Ayisyen Jimmy Cherizier alyas Barbecue, ki reprezante gwoupman gang "Viv Ansanm" nan menase pou konbat fòs la.

"Noumenm Ayisyen nap kanpe a nap goumen kont yo - nap goumen kont yo jiska dènye gout san nou. E goumen sa a li pap goumen ni G9 li pap goumen ni Je Pèp. Se goumen pep Ayisyen an pou nou gade diyite nou pou nou sovgade souvrènte peyi nou avèk diyite nou genyen kòm pèp pou nou viv tankou moun."

Opinyon Ayisyen andedan peyi d Ayiti ak nan dyaspora a depaman pa rapò ak lide pou yon fòs etranje ta vinn ede leta jere ensekirite a.

Gen moun ki kwè sityasyon an rive nan yon pwen kote Ayiti bezwen asistans etranje tandiske gen lot ki kwe fòk se Ayisyen ki solisyone pwoblèm Ayiti.

Jounalis VOA Espayol Salome Ramirez ak korespondan VOA Kreyol nan Potoprens Matiado Vilme kontribye a repotaj sa a

XS
SM
MD
LG