Accessibility links

Breaking News

Blinken Pale ak Prezidan Kenya pou Konfime Peyi a Pare pou Dewplaye Misyon Sekirite a


Sekrete d Eta Antony Blinken pale pandan yon konferans pou lapres nan Depatman d Eta nan Washington, 13 Mas, 2024.
Sekrete d Eta Antony Blinken pale pandan yon konferans pou lapres nan Depatman d Eta nan Washington, 13 Mas, 2024.

Korespondan VOA nan Depatman Deta, Nike Ching fè konnen Sekretè Deta Antony Blinken pale ak Prezidan Kenya William Ruto maten an pou konfime Kenya pare pou dirije Misyon Sipò Sekirite pou Ayiti a osito ke nouvo konsèy tranzisyon an va enstale.

Pòtpawòl Matthew Miller te pote plis presizyon:

"Sekretè Blinken ak Prezidan Ruto souliyen ke Konsèy Sekirite Nasyonzini an atann ni aske misyon sipò pou Ayiti a deplwaye pi vit posib pou pote sipò bay Polis Nasyonal Ayiti.

Sekretè Blinken te ranseye Prezidan Ruto sou nouvo angajman Etazini ak lòt patnè entènasyonal yo pran pou apiye misyon an."

Blinken di jounalis yo li kwè miz an plas konsèy la an ka fèt nan kèk jou konsa, epi apre sa yo va nomen yon premye minis enterimè - ki va pèmèt yo pouse pou pi devan ak deplwaman misyon an.

Blinken di li kwè sa pral fèt nan kèk jou konsa, epi apre sa yo va nonmen yon premye minis enterimè - ki va pèmèt yo deplwaye misyon an.

Korespondan VOA nan Depatman d Eta, Nike Ching, kontribye a repotaj sa a.

XS
SM
MD
LG