Accessibility links

Breaking News

Sena Etazini Konfime Chwa Biden pou Pòs Anbasadè Ameriken an Ayiti


Dennis B. Hankins, diplomat de karye Prezidan Joe Biden nomen kom pwochen anbasade Etazini an Ayiti.
Dennis B. Hankins, diplomat de karye Prezidan Joe Biden nomen kom pwochen anbasade Etazini an Ayiti.

Sena Etazini vote pou konfime diplomat de karyè Dennis Hankins kom anbasadè Ameriken an Ayiti. Pòs diplomatik kle sa a vid depi 2 zan edmi.

Sena a apiye Hankins, ki te sèvi anvan sa kòm anbasadè Etazini nan Mali ak Gine ak yon gwo maj swa 89 pou e yon sèl vòt kont.

Hankins pral Pòtoprens nan moman Ayiti ap goumen pou rezoud plizyè zane kriz politik ak sosyal ansanm ak zak vyolans gang ame puisan yo ki ogmante 17 wotè epi koze plizyè milye moun kouri kite kay yo.

Premye Minis Ariel Henry, ki pa eli, deklare Lendi li pral demisyonnen yon fwa konsèy tranzisyon an va an plas. Henry te vwayaje nan Kenya mwa pase a pou siyen yon akò ak Prezidan Kenya pou deplwaye yon misyon sekirite pou sekirize kapital Ayisyèn nan. Se yon misyon peyi a ap tann depi lontan.

Dènye anbasadè Etazini an Ayiti sete Michele Sison, ki kite pòs li nan mwad Oktob 2021.

Biden te nomen Hankins pou ranplase l nan mwad Me 2023.

Anvan vot la, Senatè Demokrat Ben Cardin, ki se direktè Komisyon Relasyon Etranje Sena a, te deklare li te esansyèl pou konfime Hankins rapidman, etan done ke sityasyon imanitè Ayiti grav anpil.

Cardin deklare: "Nou prèt pou konsate yon eta defayan ak yon distans apepre 1,200 kilomèt ak kòt nou."

Administrasyon Biden nan redi pou kenbe anplwaye epi fè fas ak anpil kritik pa rapò ak politik li vizavi Ayiti pandan ane ki pase yo.

An 2021, anvwaye espesyal Etazini pou Ayiti, Daniel Foote - ki se yon diplomat de karyè te demisyonnen epi pibliye yon lèt kote li lanse pawòl piman bouk kont administrasyon Biden nan poutèt li depòte plizyè santèn migran tounen Ayiti. Moun sa yo tap viv nan yon kan ki sitye sou fwontye Etazini-Meksik la kote te gen yon pakèt fanmi Ayisyen ki tap chache azil.

XS
SM
MD
LG