Accessibility links

Breaking News

Diplomat Ameriken Hankins: San yon 'Fos Entèvansyon Entènasyonal, l ap Trè Difisil pou Ayiti Rezoud Ensekirite a'


Diplomat Dennis Hankins sou Ensekirite Ayiti
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:10 0:00

Diplomat Dennis Hankins sou Ensekirite Ayiti

Dennis Hankins, diplomat de karyè Prezidan Joe Biden nomen pou pòs Anbasadè Etazini an Ayiti fè konnen san yon fòs entènasyonal, li pap fasil pou Ayiti rezoud kriz ensekirite a.

"Mwen kwè li klè ke san okenn fòs entèvansyon entènasyonal lap trè difisil pou Ayisyen reprann kontwòl peyi yo a kou tèm."

Hankins te pale konsa pandan yon odisyon Komisyon Sena Ameriken an kap travay sou Afè Etranje. Tout senatè ki poze l kestyon te santre kestyon yo sou ensekirite a ak deplaman yon fòs entènasyonal.

Hankins di okenn peyi poko eksprime volonte pou dirije yon fòs entèvansyon pou Ayiti, men gen kèk opsyon yap egzamine.

"Gen kèk peyi ki gen anpil eksperyans nan dirije fòs mentyen lapè kitse an Azi oubyen an Afrik donk nap egzaminen opsyon sa yo. Men tou, nap gade ki kalite asistans Etazini ta dwe dispoze si nou jwenn yon peyi ki dakò pou dirije fòs la men ki pa gen resous pou fè l. Nou poko deside ki opsyon nap chwazi.

Diplomat Dennis Hankins sou Fòs Entevansyon Entenasyonal pou Ayiti
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:38 0:00

Li souliyen tou ke Konsèy Sekirite Nasyonzini vote a l inanimite an favè lide sa a ki vledi ke menm Larisi ak Lachin dako pou yo diskite sou ide sa a, ki se yon bagay yo pat vle f"Mwen kwè li klè ke san okenn fòs entèvansyon entènasyonal lap trè difisil pou Ayisyen reprann kontwòl peyi yo a kou tèm." anvan.

Senatè Demokrat Tim Kaine, ki reprezante eta Vijini nan Sena Etazini an mansyone pakèt zam kap plede antre Etazini, e ki kontribye a ensekirite a.

Hankins reponn:

"Depatman Jistis Etazini kreye yon divizyon espesyal kap travay inikman sou trafik zam - zam k ap ekspòte nan Karayib la. Se youn nan zouti ki ka ede nou jere sa. Nap gade trafik zam kap fèt nan tou le 2 direksyon yo. Nou rekonèt ke gen yon pwoblèm trafik zam ant Etazini ak Ayiti."

Hankins ap travay aktyèlman kòm konseye politik etranje nan Biwo Gad Nasyonal la ki sitye nan Pantagon nan.

Diplomat de karyè a te sèvi kom Anbasadè Etazini nan Mali ak Repiblik Gine. Li te sèvi tou kòm Chèf Misyon Diplomatik Etazini nan Soudan, Moritani ak Mozanbik.

Li te travay kòm Prensipal Ofisye Etazini nan Sao Paulo, Brezil, kòm Konsil Jeneral nan Riyadh, Arabi Saoudit, epi Konseye Politik ak Ekonomik nan Anbasad Amerikèn nan Pòtigal. Met sou sa, li te Chef seksyon politik Anbasad Etazini nan Repiblik Demokratik Kongo.

Se pa premye fwa Hankins ap travay an Ayiti. Lamezonblanch fè konnen li te Chèf Seksyon Viza pou moun ki pa imigran epi kowòdinatè refije yo.

Hankins te etidye nan inivèsite prestije Georgetown, ki sitye nan Washington, epi nan Kolèj Nasyonal Lagè a (National War College).

Li ranpòte plizyè pri pou travay li nan Depatman Deta.

Misye pale Franse, Pòtigè ak Endonezyen.

Sena a gen pou l apwouve nominasyon Dennis Hankins, ki se moun eta Minnesota, anvan li tounen Anbasadè Etazini an Ayiti.

Apre odisyon jodia, senatè yo gen jiska fen jounen 27 Jiyè pou yo poze lòt kestyon. Apre sa yo va vote.

XS
SM
MD
LG