Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Plizyè Inite PNH Mennen Operasyon Kont Gang "Barbecue" a


Lapolis Ayiti pran pozisyon devan katye jeneral PNH la nan Potoprens, apre arive Guy Philippe ke Etazini rapatriye 30 Nov. 2023.
Lapolis Ayiti pran pozisyon devan katye jeneral PNH la nan Potoprens, apre arive Guy Philippe ke Etazini rapatriye 30 Nov. 2023.

Yon responsab sendika polis nasyonal la anonse AFP Samdi ke Lapolis nasyonal ayisyen te menen yon operasyon kont manm gang "Barbecue" a toupre kapital la Pòtoprens. Dapre li, gen plizyè "gangstè" ki mouri nan operasyon sila a.

Operasyon an, ki te dewoule vandredi nan aswè, te gen ladann plizyè inite polis nasyonal. Se nan Baz Delmas ke fòs yo te deside debloke dapre sa Lionel Lazarre ki se kowòdonatè Inyon Nasyonal lapolis ayisyen an (Synapoha) te di AFP.

Yon sous nan Otorite Pò Nasyonal la fè AFP konnen tou, ke lapolis tap eseye reprann kontwòl tèminal pò prensipal Pòtoprens lan, apre yon nouvo atak gang ame te piye plizyè kontenè.

Caribbean Port Services S.A., operatè pò kapital la, te anonse nan dat 7 mas li te sispann aktivite li akoz "dezòd gang yo". Li te site " zak malveyan sabotaj ak vandalis" li te sibi depi dat 1ye mas.

Pòtoprens tounen yon sèn vyolans pa gang kriminèl depi kelke semèn. Premye minis peyi te vwayaje ale Kenya pou siyen yon akò pou depwaman fòs miltinasyonal la an Ayiti.

E gwo vag dezòd te anpeche premye minis la retounen nan peyi a, kèk jou apre li anonse ke li ap remèt demisyon li apre yon konsèy prezidansyèl tranzisyon ke Caricom nan enstale.

Deja gen plizyè pati politik ki voye non lidè pou reprezante yo ale, gen plizyè lòt tou ki rejte pwopozisyon CARICOM nan e yo pa voye non okenn reprezantan ale.

XS
SM
MD
LG