Accessibility links

Breaking News

Bandi ak Zam Piye UNICEF, Konsil Guatemala an Ayiti


Lapolis Ayisyen patisipe nan yon operasyon pou antoure Penitansye Nasyonal la apre dife pete andedan enstalasyon an, 14 Mas, 2024.
Lapolis Ayisyen patisipe nan yon operasyon pou antoure Penitansye Nasyonal la apre dife pete andedan enstalasyon an, 14 Mas, 2024.

Plizyè ajans gouvènmantal ak ONG an Ayiti rapòte bandi volè asistans yo te sere nan depo yo nan moman yon lòt vag zak vyolans gang yo frape Ayiti.

Gang ame yo sible enstitisyon kle epi fèmen prensipal ayeropò entènasyonal Ayiti pandan semèn ki sot pase yo.

Kawo a lakoz anpil Ayisyen nan danje pou yo mouri gangou epi rann kriz imanitè a pi grav.

UNICEF fè konnen bandi piye yon kontenè li ki te chaje ak pwovizyon esansyèl.

Gouvènman Guatemala limenm di bandi piye enstalasyon konsil onorè li a.

Etazini voye yon nouvo kontenjan Merin pou ranfòse sekirite nan Anbasad Amerikèn Pòtoprens la, pandan yo voye jete bwi kap kouri pou di kòm kwa responsab wo plase gouvènman Ameriken an ap kite peyi a.

XS
SM
MD
LG