Depite Repibliken Michael McCaul, ki se Prezidan Komite Afè Etranjè nan Chanm Reprezantan an, ak Senatè Repibliken Jim Risch, ki se chèf Komisyon Relasyon Afè Etranjè nan Sena Ameriken an, te refize akòde $40 milyon dola ke Depatman Deta mande yo pou deplwaman fòs miltinasyonal la ann Ayiti. Yo mande administrasyon Biden nan " plis detay" anvan yo apwouve plis finansman.
Ofisyèl nan nan Kongrè a di ke lajan an ki pa debloke ta ka anpeche deplwaman fòs polis Kenya a ann Ayiti, sof si yon lòt peyi ta deside kouvri twou vid la.
$40 milyon sa a pral kouvri depans esansyèl pou misyon an.
Yon wo plase Depatman Deta te di yo te mande Kongrè apwobasyon pou lajan an.
Ofisyèl la, ki pale sou kondisyon pou yo pa site non li di "Nou panse ke li enpòtan pou fòs la deplwaye".
Vyolans gang yo ann Ayiti, te lakòz yon kriz imanitè, sa ki te kreye yon kriz manje ak e fòse dè santèn de milye moun kouri kite kay yo.
Nan yon diskou pou pèp ayisyen an Premye Minis Ariel Henry pwomèt pou li demisyone imedyatman apre yon konsèy prezidansyèl va enstale pou kontinye tranzisyon e nomen yon premye minis pou travay sou òganizasyon eleksyon yo.
Gouvènman Kenya a te pwomèt pou voye 1,000 ofisye pou dirije fòs sekirite entènasyonal la nan mwa Jiyè 2023 a, men inisyativ la te bloke apre yon tribinal Kenyan te kanpe depwamnan polisye yo, e Kenya te mande pou yo peye an avans tou.
Aprè anons demisyon premye minis la, Kenya te bloke depwaman fòs la jiskake konsèy prezidansyèl la an plas.