Accessibility links

Breaking News

Royal Caribbean Ap Sispann Kwazyè li nan Labadee


Yon bato kwazye rive nan Labadee, Ayiti, Jedi 27 Janvye 2022.
Yon bato kwazye rive nan Labadee, Ayiti, Jedi 27 Janvye 2022.

Royal Caribbean anonse li sispann vizit bato kwazyè li yo nan Labadee, ki sitye nan Nò Ayiti pou pwochen 7 jou yo apre plizyè mwa zak vyolans ki ogmante anpil anpil nan peyi a. Yon responsab wo plase konpayi a anonse nouvèl la sou Facebook Jedi.

Konpayi an pral kontinye respekte sispansyon an epi bay yon avètisman 3 jou davans pou touris ki peye pou kwazyè ki vizite Labadee, dapre sa Prezidan Entènasyonal ak PDG Royal Caribbean, Michael Bayley deklare.

Zak vyolans gang yo ravaje Ayiti epi fòse plizyè milye moun kouri kite kay yo.

Lese frape vyolan ki dewoule nan kapital la, Pòtoprens andomaje sistèm kominikasyon an epi debouche sou evazyon penitansye. Apre sa, Premye Minis Ariel Henry te bay demisyonn.

Ekip sekirite global Royal Caribbean "ap veye de pre sityasyon Ayiti kap evolye" yon pòt pawòl konpayi a di nan yon deklarasyon li pibliye. Li ajoute chanjman pwovizwa nan itinerè bato kwazyè yo se rezilta "mezi prekosyon".

Konpayi a di ajan vwayaj yo nan yon email ke Reuters wè ke itinerè ki gen eskal nan Labadee ap ranplase pa yon eskal nan Turks and Caicos, Bahamas oubyen yon jounen adisyonèl nan lanmè.

Royal Caribbean lwe Labadee e li pa atann ni aske anilasyon an gen gwo enpak finansye.

Konpayi bato kwazyè rival Carnival pa fè eskal Ayiti limenm.

XS
SM
MD
LG