Accessibility links

Breaking News

Angletè Ranfòse Sekirite sou Zile Turks & Caicos Akoz Posibilite pou Vyolans Ayiti a Pwopaje


Foto Achiv: Yon plaj nan Providenciales, zil Turks & Caicos, Samdi 6 Sept. 2008.
Foto Achiv: Yon plaj nan Providenciales, zil Turks & Caicos, Samdi 6 Sept. 2008.

Angletè anonse lap mete an plas nouvo mezi sekirite pou pwoteje fwontyè zile Turks and Caicos - ki se yon teritwa outremè Britanik - pou reponn risk pou zak vyolans Ayiti yo pwopaje.

Zile Turks & Caicos sitye ak yon distans 322 kilomèt ak Ayiti. Nan semèn ki pase yo, gang ame yo ogmante atak yo epi vale plis teritwa nan Potoprens.

Ministè Afè Etranje Britanik la di nouvo seri mezi yo gen kom bi pou "reponn risk zak vyolans gang yo ak migrasyon ilegal kap dewoule an Ayiti pwopaje nan Karayib la."

Angletè di li pral voye ekipman pou polis lokal yo ka konbat krim grav ansanm ak sansè pou enstale sou kot la epi ogmante sekirite a sou fwontyè li ak dron. Angletè di tou li pral lwe yon aparèy ki ka fè patwouy sou lanmè pou zile yo.

"Sekretè Afè Etranje David Cameron pibliye yon deklarasyon kote l di: "Sekirite ak byenèt moun zil Turks and Cacos esansyèl apre ogmantasyon terib zak vyolans nou konstate an Ayiti."

Yon ekip rekonesans ki gen ladann resonsab fwontyè Britanik ak ekspè polisye entènasyonal pral vwayaje nan zile a tou pou detèmine ki sipo adisyonèl zile yo bezwen.

Angletè di zil Turks and Caicos komanse fè fas ak yon ogmantasyon nan krim vyoland depi mwa Fevriye a, sa ki te lakoz yo te voye ekspè sou zam a fe ak anketè lot bo a. Responsab yo te di an 2022 yo te deplwaye yon ekip pou travay sou krim ki grav.

Deklareasyon Angletè a ajoute: "Angletè pran angajman pou kontinye apiye yon solisyon politik Ayisyen dirije pou rezoud zak vyolans nan peyi a ak jefo patnè Karayibeyen nou yo ap fè pou jwenn yon konsantman pou retabli sekirite ak stabilite."

Otorite Ameriken yo ranfose sekirite pa yo tou pou ede Ameriken pati kite Ayiti. Pandansetan, nan eta Florid, Gouvènè Ron DeSantis, ki adopte yon politik liy-di sou kestyon imigrasyon di fos de lod yo pral deplwaye yon lot 250 polisye ak ofisye ak plis pase yon douzèn avyon ak bato sou kot sid la pou "pwoteje eta nou."

XS
SM
MD
LG