Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Etazini Ap Fè Plan pou Evakye Sitwayen li yo Depi Ayewopò Entènasyonal Okap la


QUAKE-HAITI/
QUAKE-HAITI/

Etazini ap òganize vòl charter pou evakye sitwayen Ameriken ki toujou ann Ayiti.

Dapre sa AFP rapòte, evakyasyon an ta dwe fèt nan dezyèm vil peyi a, Okap, akoz ayewopò nan kapital la, Pòtoprens, ke gwoup ame yo te eseye sezi, toujou rete fèmen.

Pa gen okenn dat ki bay pou kilè evakyasyon sa a ap fèt. Anons sa a, ki te soti samdi a tou, pa di konbyen sitwayen Ameriken ki pral benefisye oubyen fè pati de vòl charter sa yo.

Anbasad Etazini an Ayiti te di nan yon alèt Samdi "N ap òganize yon vòl charter pou sitwayen Ameriken yo soti Okap pou ale Ozetazini, depi sitiyasyon sekirite nan Okap rete estab." Li te ajoute ke se sitwayen yo kap responsab pou vwayaj yo nan vil Okap, epi jere sekirite yo.

Ayewopò Cap-Haitien ouvri pòt li"tanzantan" pou vòl k ap antre-soti, dapre sa yo rapòte.

XS
SM
MD
LG