Accessibility links

Breaking News

PAM: 4,35 Milyon Ayisyen Nan Grangou


PAM di Ensekirite Alimantè an Ayiti Trè Preokipan
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:22 0:00

PAM di Ensekirite Alimantè an Ayiti Trè Preokipan

Ogmantasyon zak vyolans kap ravaje Ayiti depi 29 Fevriye lakoz anpil moun gen kè sote pou kriz imanitè peyi a pa vinn pi grav.

Youn nan abri pou fanmi ki oblije kouri kite kay yo nan Potoprens, ap fè fas ak pwoblèm plizyè santèn moun kap goumen pou repa Pwogram Alimantasyon Mondyal la distribye.

Saintalia Trasibile se yon machann manje kap viv ann abi a depi mwad Novanm 2023. Li te kouri kite kay li pandan yon atak gang yo.

"Nou pase plizyè jou san manje. Nou manje lè n jwenn manje."

Plizyè milye fanmi ap viv nan abri akoz zak vyolans gang yo nan katye yo e pi fo nan moun sa yo depann de Pwogram Alimantasyon Mondyal la ak enstitisyon gouvènman Ayisyen an tankou pa egzanp Defans Sivil.

"M pa gen anyen. Se ko mwen ak nam mwen genyen sèlman kounyea."

Afwontman ant gang ame yo ak lapolis bay gwo kè sote epi andomaje pi plis ekonomi frajil la, sa ki lakoz moun ki pi vilnerab yo gen anpil difikilte pou jwenn manje.

Jean Martin Bauer, se direktè PAM.

"Chif de baz la pou ensekirite alimantè an Ayiti se 4, 35 milyon moun. Se yon kokenn chif pou yon peyi ki gen 11 milyon abitan, se yon gwo chif. PAM ap travay pou ede 2 milyon. Ane pase a nou te bay 2 milyon moun asistans alimantè esansyèl - nou priyorize moun ki pi vilnerab yo. Men m gen pi gwo kè sote pou 1,4 milyon moun ki prèt pou yo mouri gangou. Donk nou konsantre sou resous nou pami gwoup sa a - ki se sak pi vilnerab yo ak sa ki kouri kite kay yo."

Depi granm maten, Kuizin Santral PAM nan Potoprens komanse kuit apepre 14,000 repa pou distribye bay abri ak lekol nan kapital la.

Zak vyolans gang yo rann yon sityasyon ki te deja grav pi mal toujou. LONU di gen 360,000 moun yo anrejistre nan mwad Mas la, kap viv nan lari.

XS
SM
MD
LG