Gwoup IFOG di pi gwo pwoblèm Ayiti ap konfwonte se ensekirite. Nan kad sa a, gwoup la mande plis kowezyon ant branch egzekitiv la ak direksyon Polis Nasyonal Ayiti pou rezoud ensekirite a.
Kolèj Nasyonal Demokrat Ayisyen an oganize yon rankont nan Potoprens kote yo analize diskou Prezidan Donald Trump la ak mezi li pran ki ka enpakte Ayiti.
Yon oganizasyon Madan Sara Ayisyen vwayaje nan peyi Lafrans pou patisipe nan Salon Mondyal Agrikilti Paris a. Yo di VOA Kreyol yo te kontan patisipe paske sa ede yo valorize pwodiksyon nasyonal la.
Yon fwa rejyonal dewoule nan Petionville, Ayiti pou diskite sou dlo potab ak asenisman. Oganizatè yo mete aksan sou jestyon dlo ak wol enpotan glasye yo jwe nan chanjman klimatik.
Ansyen Senatè Reynold Georges kwè nouvo Task Force ki fèk kreye pou takle bandi ak zam yo se yon bon bagay pou peyi d Ayiti.
Daprè sa chèn Guadeloupe 1ère rapòte madi 4 mas 2025 la, prezidan Konsèy prezidansyèl tranzisyon Ayiti a (KPT), Leslie Voltaire, anile yon vyayaj ofisyèl nan peyi Gwadloup.
Nan 2 semèn, plis pase 24 mil moun kouri kite lakay yo akoz atak gwoup nèg ak zam yo sou plizyè katye nan kapital la, Pòtoprens, selon yon dènye bilan òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM).
Ladwann nan Repiblik Dominikèn, anonse yo sezi yon kagezon zam ak katouch ki t ap pran direksyon Ayiti.
Load more