UNESCO patwone yon fomasyon 2 jou sou edikasyon nan peyi d Ayiti.
VOA Kreyol te sou plas pou gran premye nouvo film sineyas Ayisyen Robenson Lauvince la nan Miami. "July 7" soulve kestyon sou asasina Prezidan Jovenel Moise, ki mouri 7 Jiye, 2021.
Apre 16 jounen, entènasyonal ayisyèn Melchie Daelle Dumornay, k ap jwe nan ekip Lyon an, se 2èm pi bon bitez nan chanpyona Lafrans la avèk 13 gòl. Se premye fwa Grenadyè a pwolifik konsa apre 16 jounen.
Katouch kontinye ap chante, moun kontinye ap bote, pòt biznis yo rete fèmen nan Dèlma 30 kote aktivite yo rete paralize nan katye sa ki te sibi atak gwoup gang yo semèn pase a.
Nan jou ki te samdi 1e mas la, aktyèl prezidan Konsèy prezidansyèl tranzisyon an (KPT), Leslie Voltaire, fè konnen nouvo Task Force la ap opere nan kad lit k ap mennen kont gang yo nan peyi a.
Fòs lòd yo lanse yon seri operasyon kont gang ame nan Pòtoprens. Samdi 1ye ak dimanch 2 mas la, lapolis frape bastyon Jimmy Chérizier “Barbecue” ak “Izo”, de chèf gang kap simen laterè nan kapital la.
Ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide reklame bon jan aksyon kont ensekirite a.
Vag vyolans k ap sakaje Ayiti a fòse plis pase yon milyon moun kouri kite kay yo; pami yo, gen 500 mil timoun, selon yon rapò òganizasyon Save The Children pibliye 3 mas 2025 la.
Yon delegasyon konsèy prezidansyèl tranzisyon an, ki gen nan tèt li Leslie Voltaire, vizite samdi premye mas 2025 la, baz misyon miltinasyonal la (LSA2), nan Pòtoprens.
Plizyè santèn moun manifeste man Pòtoprens 1ye Mas pou mande otorite yo mare gang yo
Load more