Accessibility links

 
Yon Vwayaj Ofisyèl Leslie Voltaire nan Peyi Gwadloup Anile
Breaking News

Yon Vwayaj Ofisyèl Leslie Voltaire nan Peyi Gwadloup Anile


Foto Achiv: Leslie Voltaire, Prezidan Konsey Prezidansyel Tranzisyon Ayiti, 17 Oktob, 2024.
Foto Achiv: Leslie Voltaire, Prezidan Konsey Prezidansyel Tranzisyon Ayiti, 17 Oktob, 2024.

Daprè sa chèn Guadeloupe 1ère rapòte madi 4 mas 2025 la, prezidan Konsèy prezidansyèl tranzisyon Ayiti a (KPT), Leslie Voltaire, anile yon vyayaj ofisyèl nan peyi Gwadloup.

Prezidan Voltaire ak tout delegasyon l te dwe debake Gwadloup mèkredi 5 mas la. Objektif vizit sila a, selon enfòmasyon yo, se te ouvèti yon trajè nan avyon ki t ap relye vil Okay ak Pwentapit. Konpayi Sunrise se avyon ki ta pral asire trajè sa a.

Nan delegasyon #1 KPT a t ap genyen 15 moun, pami yo 6 nan minis yo (minis Komès, Finans, Afè etranjè, Touris, Travo piblik ak Ayisyen ki aletranje.

XS
SM
MD
LG