Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, vizite Kanal Panama dimanch 2 fevriye a, yon Kanal ke prezidan ameriken an, Donald Trump kwè dwe retounen sou kontwòl Etazini.
2 fevriye (Reuters) - Responsab ICE la di Fox News dimanch 2 fevriye a se migran ki pi danje yo ki pral rete nan enstalasyon ameriken nan Guantanamo Bay.
BEYIRUT, 2 fevriye (Reuters) - Chèf gwoup ame Liban an Hezbollah di dimanch ke yo pral fè anteman predesesè li a, Hassan Nasrallah 23 fevriye, prèske 5 mwa apre li te pèdi lavi li nan yon atak aeryen Izraelyen sou sid Beyrouth.
2 fevriye (Reuters) - Kanada espere ke tarif ke prezidan ameriken an enpoze kont yo a pa pral antre an vigè Madi, men piblik Kanadyen an espere ke gouvènman yo a rete fèm nan diskisyon negosyasyon komès yo ak Washington, se deklarasyon sila anbasadè Kanadyen an te fè dimanch nan rezo televizyon ABC.
WASHINGTON, 31 janvye (Reuters) - Prezidan ameriken an Donald Trump te di Vandredi elikoptè militè ki te enplike nan aksidan an nan Washington, D.C., t ap vole twò wo, se sak fè li fè kolizyon an .
WASHINGTON, 31 janvye (Reuters) - Otorite federal ki an chaj aviasyon (FAA) mete restriksyon sou tout vòl elikoptè tou pre ayewopò Washington, DC Reagan Washington National pou yon peryòd endefini vandredi, 2 jou apre yon kolizyon elikoptè lame amerikèn ak yon avyon komèsyal .
WASHINGTON, 28 Janv. (Reuters) — Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, di prezidan Rwanda a, Paul Kagame, madi Washington "twouble anpil" akoz ogmantasyon konfli nan Repiblik Demokratik Kongo, sitou apre rebèl M23 ki gen sipò Rwanda pran vil Goma.
MEXICO, 29 janvye (Reuters) - Prezidan Meksik la Claudia Sheinbaum te di mèkredi gouvènman li a pral voye yon lèt bay Google GOOGL.O apre jeyan entènèt la te di li ta ka chanje non Gòlf Meksik la pou itilizatè Google Maps ki Ozetazini.
SAO PAULO, 27 janvye (Reuters) - Prezidan brezilyen an, Luiz Inacio “Lula” da Silva, te pale nan telefòn ak tokay ris li a Vladimir Putin lendi, pou diskite sou "sijè mondyal ak bilateral", dapre sa biwo Lula a te di nan yon deklarasyon.
Prezidan Claudia Sheinbaum di lendi 27 janvye a, pami migran meksiken Etazini te voye tounen Meksik, gen migran lòt nasyonalite tou.
26 janvye (Reuters) - Prezidan Donald Trump Dimanch 26 janvye a di Etazini pral enpoze sanksyon "men lajè" ak tarif kont Kolonbi poutèt otorite peyi sa a refize aksepte avyon militè Ameriken ateri lakay li ak imigran yo te depòte.
WASHINGTON, 26 janvye (Reuters) - Yon ofisyèl ameriken di Reuters ke Kolonbi Dimanch te refize asepte 2 avyon militè Ameriken ki t ap pran direksyon peyi Amerik di Sid la ak imigran ke yo te depòte.
Load more