Hamas Gen yon Nouvo Chèf

Foto Achiv: Yahya Sinwar pandan yon rankont lide faksyon Palestinyen yo nan Gaza siti, 13 Avril, 2022.

Gwoup militan Palestinyen Hamas la di li chwazi Yahya Sinwar ki se responsab pi wo plase ki te konplote atak 7 Oktob la kont peyi Izrayèl kom nouvo lidè li.

Chwa Sinwar la, yon pèsonaj misterye ki dirije zèl liy di Hamas la e ki se yon pwoch Iran, se yon mezi anpil moun konsidere kom oze.

Non Sinwar sitye nan tèt lis moun Izrayèl vle touye nan moman lap chache detwi Hamas ak lidèship li nèt apre atak 7 Oktob la.

Misye ap ranplase Ismail Haniyeh ki te mouri an Iran semèn pase a nan yon frap ayeryen moun sispèk Izrayèl lanse.

Pa tankou Haniyeh, ki te viv an egzil nan Qatar pandan plizyè zane, Sinwar liemnm kontinye viv nan Gaza.