Accessibility links

Breaking News

Ki Ès ki Ismail Haniyeh


31일 이란 테헤란에서 암살된 이스마일 하니예 하마스 정치국 지도자 (자료사진)
31일 이란 테헤란에서 암살된 이스마일 하니예 하마스 정치국 지도자 (자료사진)

Ismail Haniyeh, lidè Hamas ke yo touye nan Iran an, ki te konn gen yon langaj piman bouk, se figi ki te devan nan diplomasi entènasyonal gwoup la pandan lagè ap fè raj nan Gaza, kote 3 pitit gason-li te tonbe nan yon frap Izrayèl.

Men Malgre pawòl tòf li yo, plizyè diplomat te wè nan li yon modere, konpare ak lòt manm ki plis nan lategori liy du nan lòt gwoup ke Iran apiye nan Gaza.

Apre Hamas te nonmen li pou pran tèt gwoup la, Haniyeh te konn ap deplase ant Tiki ak kapital Katar la, Doha, kote li te konn evite pwoblèm ki gen pou vwayaje nan Gaza a, sa ki te pèmèt li fonksyone kòm negosyatè nan chita-koze pou jwenn yon kanpo nan lagè Gaza a oubyen nan chita-koze ak Iran ki se alye Hamas.

Men ki sa Haniyeh te konnen sou atak 7 Oktòb la anvan li te fèt? Anyen pa klè sou sa. Plan an, ke konsèy militè Hamas-la te moute nan Gaza, sete tèlman yon gwo sekrè ke kèk dirijan Hamas sanble te choke pou jan li te fèt la ak dat li te fèt la.

Haniyeh, yon Mizilman shiyit, te yon gwo bra nan bati kapasite Hamas pou li goumen, kote li amelyore relasyon ak Iran ki se Mizilman Shiyit, sa ki fè sipò Iran pou gwoup la pa yon sekrè.

XS
SM
MD
LG